Prezantasyon
Pwezi gen yon plas apa nan istwa
literè Ayiti. Si yon bon pati nan repètwa teyat
ayisyen an bay tèt li yon misyon pedagojik, si anpil woman
enterese dekri reyalite a, ekriti pwetik la limenm, depi nan
kòmansman diznevyèm syèk la, te anchaje
l pale nan non Ayiti. Se pwezi, anvan tout lòt jan literè,
ki fòmile rèv yon Ayiti kòm yon nasyon ki
ta jwenn pawòl pa l, ekilib pa l, e ki ta rive dirije
istwa pa l. Se kòmsi yo te bay pwezi a chay pou li ranplase
tout pawòl moun pa ka di aklè, tout pawòl
ki manke, soti nan enstriksyon sivik pase nan antwopoloji kiltirèl,
rive nan manifès pati politik.
Nou ka remake, pwezi ayisyèn
nan antre bonè nan modènite a. Menm kant te gen
powèt (genyen toujou jodi a) ki te kontinye al chèche
modèl nan pwezi franse disetyèm ak diznevyèm
syèk la, depi nan kòmansman ventyèm syèk
la pwezi ayisyèn lan te travay lòt fòm,
li te devlope lòt tèm, li te dyaloge ak pwezi lòt
kontinan. Bann powèt ki ekri nan Revue Indigène
nan (1927-1928), se premye avangad literè ventyèm
syèk ayisyen an.
Se powèt an premye —
anvan lengwis, moun legliz, politisyen, edikatè vin patisipe
nan batay pwomosyon lang kreyòl la — ki te fè
kreyòl la tounen yon lang literè. Soti nan Oswald
Durand ak Massillon Coicou nan fen diznevyèm syèk
la, pase pa Georges Sylvain, Emile Roumer, rive nan Félix
Morisseau-Leroy ki make yon kafou enpòtan, desann nan
pleyad jenn powèt osnon nouvo powèt yo, si pat
gen powèt ki sa moun ta li an kreyòl jodi a ?
Dezoutwa travay rechèch nan domèn syans sosyal,
yon ponyen woman ak lòt fòm resi ...
Sou yon bò, endijenis
la ki se ou lide nèf (pou epòk modèn la)
ak maksis la limenm ki te mande chanjman radikal sosyete yo,
plis enflyans modènis lan ak sireyalis lan sou yon lòt
bò, ta pral ankouraje ekspresyon pèsonèl
ak endividyalite depi nan premye mwatye ventyèm syèk
la. Powèt yo ta pral foure kòlè yo, fantas
yo, chwa pèsonèl yo, imajinè pèsonèl
yo nan literati a. Se konsa yo te ka di : « Mwen
pou, mwen kont ; mwen anvi, mwen se, e gen de pafwa mwen
pa konnen ni sa mwen vle ni sa mwen ye, se chèchè
m ap chèche ... »
Pwezi te toujou gen yon plas
apa nan literati ayisyèn lan. Kòm ki dire se pwezi
a, an premye, ki pèmèt pèp ayisyen an di
« nou », e se li, an premye, ki pèmèt
endividi ayisyen an di « mwenn ».
Antoloji sa a vle pote temwayaj
sou enpòtans pwezi a nan istwa literè Ayiti. Li
vle bay sitou yon apèsi sou varyete pwezi ayisyèn
ventyèm syèk la : divès tematik, divès
chwa estetik, divès preyokipasyon pèsonèl
pwèt yo ganyen. Sa pwal ede sispann fèmen pwezi
ayisyèn la nan yon jan, yon mòd ak yon fòm.
Nou prezante otè yo nan
lòd kwonolojik nesans yo. Nan liv sa a, nou derefize tout
lòt lòd osnon klasman. Nou pito lektris ak lektè
yo fè konesans ak tèks yo san pèsonn pa
gen tan mete etikèt sou tèks yo. Ou va li chak
powèt pou kò li. E nan nòt ki prezante chak
powèt, ou va jwenn enfòmasyon ki va pèmèt
ou rekonèt konplisite ak rezon ki fè tèl
gwoup powèt mache ansanm, oubyen ki fè tèl
powèt an dezakò, osnon pa siye ak tèl lòt
powèt.
An wetan Sosyete Koukouy ki pretann
ki jan, ki sa, sou kisa pou moun ekri, pa gen okenn « lekòl »
literè nan pwezi ayisyèn ventyèm syèk
la ki gen pretansyon sa a. Powèt ki te nan Revue Indigène
lan yo (1927-1928) te mete yo dakò pou derefize kontinye
yon tradisyon literè ki pa favorize tèm ak fòm
nèf, yon tradisyon ki pa t pèmèt reyini
tout eleman esperyans ayisyen an ak modènite powetik la.
Negritid la (1940-1960) se yon tematik ki te louvri non sèlman
pou powèt ayisyen, men pou tout powèt nwa. Andedan
kouran sa a, chak powèt te pral angaje vwa pa l nan sans
pa l, swat pou pote solidarite l ak lòt pèp nwa
yo, swat pou li chante lwanj istwa ak kilti pèp nwa yo,
swat tou pou li asosye tribilasyon pèp nwa yo ak tout
tribilasyon ak enjistis ki tonbe sou limanite. Sireyalis la limenm
pral ofri lòt teknik pou imaj, metafò ak konparezon.
Sa pwal pèmèt brase e rebrase ekriti powetik la.
Sireyalis la pral enfliyanse sèten powèt plis pase
dòt, men li pa bay yon « lekòl »
literè nonplis ann Ayiti. Nan lane swasant yo, Oungenikon
ak Haïti littéraire pral plis sèvi
kòm klib pou powèt yo diskite, oubyen yo pwal sèvi
kòm tit koleksyon pou kèk jenn powèt ki
te gen plizoumwen menm laj te pibliye zèv yo. Poudayè,
powèt ki te nan gwoup sa yo laplipaditan pa te travay
nan menm direksyon.
Nan antoloji sa a, nou derefize
separe powèt yo ant sa k ekri an franse, ak sa k ekri
an kreyòl. Kòmanse pa Emile Roumer, pase par Felix
Morisseau-Leroy, Paul Laraque ak pakèt lòt powèt,
anpil powèt ayisyen ventyèm syèk la se powèt
ki ekri nan de lang. Non sèlman gen anpil powèt
ki ekri nan tou de lang yo, men mete sou sa, pa gen yon baryè
ki separe tèks ki ekri nan de lang yo, daprè tèm
pa egzanp. Jodi a, tou de lang yo sèvi mwayen natirèl
pou ekspresyon powetik la. Nan tèks kote nou prezante
chak otè, nou bay enfòmasyon pou pèmèt
lektris ak lektè yo swiv istwa pwezi kreyòl la.
Si nou pa fè tou yon klasman
daprè tèm, daprè lang, nou pa fè
nonplis klasman daprè sèks otè yo. Sètadi
nou pa fè yon kwen apa pou powèt fi yo epi yon
lòt pou powèt gason yo. Premyèman, se pase
nou pa vle fè yon divizyon fòse pou nou foure de
powèt, ki yo chak, gen vwa pa yo kòmkwa pase yo
se fi. Dezyèmman, pase nou pa vle tou retire powèt
fi yo nan evolisyon jeneral pwezi ventyèm syèk
la.
Nan antoloji sa a, nou seye pa
mete pèsonn nan yon geto, nou kite lektris ak lektè
yo pwonmennen nan tèks yo san mach a swiv, san gid, san
prejije.
Se vre, tout otè pa gen
menm enpòtans. Nou chwazi otè yo swa selon plas
yo genyen deja nan istwa literè peyi a, swatou pase gen
otè enpòtan istwa literè ofisyèl
la pa t okipe. Nou chwazi tou otè yo pou varyete tematik
èv yo prezante, osnon pou sa ki fè yon èv
orijinal. Lideyal, se pou lektris ak lektè yo ta kapab
li tout powèt, men yon antoloji pa sa fè sa. Se
sèten, gen otè sèten moun ka panse ki te
dwe la a e ki pa la. Sèl repons nou ka ba yo, se di yo
yon sèlgrenn antoloji pa janm sifi, erezman gen lòt
antoloji ki egziste e gen lòt ki pou fèt pi devan.
E, nan sa ki konsène antoloji sa a, nou seye pa travay
daprè gou pa nou (se sèten, nou pa reyisi a 100
pou 100) men kilès moun ki kapab reyalize pèfòmans
sa a ? Kanta pou chwa tèks yo, nou seye prezante
tèks ki pèmèt wè diferan aspè
nan èv yon powèt, sitou pou powèt ki gen
on èv ki anpil, ni tou pou powèt ki gen plizyè
moman nan èv yo sou kesyon tèm ak fòm e
selon rekèy la osnon oryantasyon powèt la te pran
a tèl ou tèl moman.
Yon fwa ankò, lide a se
kite lektris ak lektè yo li. Se ba yo chans pou yo dekouvri
pwezi ayisyen ventyèm sièk la. Yon pwezi ki younn
e ki pa younn, pase tout jwa, tout doulè, tout lespwa,
desepsyon, lit ak dram Ayiti andedan l. E chak powèt viv
kesyon sa yo nan pwezi a yon jan ki jan pa l. Pwezi ayizyèn
ventyèm sièk la reprezante pi gwo temwayaj literè
yo ka bay sou Ayiti. Men li plis pase sa, paske pwezi se fòm
pèmanan ekspresyon kolektif ak endividyèl la pran
ann Ayiti. Se pwezi ki pèmèt moun di « nou »,
se li ki pèmèt moun di « mwen ».
[retour
à la présentation en français]